top of page
WikiForHumanRight2022_Campaign_1_(2).png

Wiki For Human Rights

Wiki pou Dwa moun

Dwa pou yon anviwònman an sante

Dwa pou yon anviwònman an sante

Objektif kanpay Wiki pou Dwa Moun 2022 a (#WikiForHumanRight) se pou asire tout moun gen aksè ak enfòmasyon net, ki baze sou reyalite, ak aktyalite sou Dwa nou pou yon anviwònman ki an sante. Dwa ak yon anviwònman ki an sante se alafwa yon dwa legal Nasyonzini rekonèt, men tou, yon fason pou konekte dwa moun ak twa kriz planetè nou fè fas yo : chanjman klimatikpolisyon, ak pèt biyodivèsite. Jan Pwogram Anviwònman Nasyonzini an te souliye : nou bezwen fè lapè ak Lanati, epi dwa moun yo dwe nan mitan solisyon yo.

Wòl Wikipedya pa janm gen plis enpòtans pase kounye a. Tout moun toupatou bezwen aksè ak enfòmasyon sou fason chanjman klimatik oswa degradasyon anviwònman an afekte lavi yo. Nou ka ogmante konesans sou sistèm natirèl ki an sante kote tout moun depann dlo y ap bwè, lè y ap respire, manje y ap manje ak resous yo bezwen. Avèk Wiki pou Dwa Moun ane sa a, n ap konsantre sou enplikasyon dwa pou yon anviwònman an sante sou moun ki ap fè fas ak twa kriz planetè yo: chanjman klimatik, pèt divèsite biyolojik, ak polisyon.

bottom of page