top of page
Danseurs folkloriques mexicains
Paysage avec animaux
Le_Marron_Inconnu,_detail_2009.jpg

Konbit Wiki Kreyolo

Konbit Wiki Kreyolo se yon kanpay pou sansibilizasyon, yon apèl pou kontribisyon nan lang Kreyòl Ayisyen sou wikipedya. Se tou yon pwojè Wikimedya Ayiti kòmanse nan lane 2022 a. Kanpay sa a se pou ranfòse lang Kreyòl Ayisyen an pi plis sou entènèt, sitou sou platfòm Wikimedya yo, espesyalman Wikipedya. Se yon nesesite pou nou genyen plis enfòmasyon (kontni) sou ansiklopedi lib sa a, non sèlman pou plis konesans disponib pou moun ki pale kreyòl epi tou pou pèmèt lang lan rete djougan.

Kisa nou fè ?

Èske ou mande tèt ou: ki moun ki ap kreye atik yo sou Wikipedya, ki moun ki asire yo ansiklopedi a satisfè kritè yo, oswa ki kote imaj yo mete nan atik yo soti? Si ou vle dekouvri Wikipedya ak pwojè tokay li yo, enskri nan yon atelye, oswa patisipe nan youn nan evènman ki nan Kalandriye a osinon gade paj Èd sou Wikipedya Kreyòl ansiklopedi a. 

Sa ki enpòtan pou konnen: vèsyon nan lang Kreyòl Ayisyen ansiklopedi a ap fè pyemye pa li, sa malgre jefò anpil kontribitè depi kèk lane. Men sa pa sifi. Li mande plis volontè pou pote kole nan kèlkeswa domèn etid ak travay yo. Epi tou, sa pa mande okenn gwo konpetans, ni nan enfòmatik ni gwo nivo etid. Sa ki pi enpòtan se pataje tout konesans, mete yo disponib pou tout moun nan mond lan gratis ti cheri nan lang Kreyòl Ayisyen. Sa mande sèlman pou sèvi ak (sous) referans  moun kapabfè konfyans, epi kapab verifye tou.

Nan lane 2022 avèk anviwon 130 patisipan nou rive kreye plis pase 350 atik, epi modifye plis pase 2000 lòt sou Wikipedya ki gen rapò avèk Istwa ak Jewografi Ayiti. Nou kreye, ajoute ak tradui plis pasr 2000 deskripsyon, 229 deklarasyon ak 1231 "libele" sou Wikidata. Nou kreye epi modifye plis k pase 3000 mo Kreyòl Ayisyen sou Wiktionaire. Epi 700 fichye sou Wikimedia Commons. Atelye sa yo te òganize nan vil Tigwav, Ench, Jakèl, Pòtoprens epi an liy. Pou plis detay fè yon navige sou paj evènman yo epi fè yon koudèy sou tablo bò a.

Kijan pou patisipe?

bottom of page