top of page
Photo du rédacteurDaana Sthernith Eldimé

Jedi Wiki : 17 Oktòb, yon dat memorab pou tout Ayisyen

"Se Jedi, Mw di Wiki"


Jodi a, nou make 17 oktòb kòm yon dat chaje emosyon ak istwa pou tout Ayisyen. Se jou sa a, an 1806, Papa Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, te tonbe asasinan nan Pont-Rouge. Nou pwofite mete limye sou atik ki dedye ak "asasina li" sou wikipedya ki tradwi sou wikipedya kreyol nan kad Konbit Wiki Kreyolo.


Dessalines, yon lidè san parèy, te batay san pran souf pou libere Ayiti anba chenn esklavaj e li te proklame endepandans peyi a nan dat 1 janvye 1804. Men, 2 zan sèlman apre viktwa istorik sa a, Dessalines te pèdi lavi l nan yon zak trayizon, yon evènman ki make kòmansman yon nouvo etap difisil nan listwa nou kòm yon pèp. 


Chak 17 oktòb, nou sonje kouraj li, detèminasyon li, ak pasyon li pou yon peyi lib kote tout moun ta ka viv ak diyite. Se yon moman refleksyon, rekonèt sakrifis ewo nou yo, e raple nou enpòtans kenbe eritaj sa a vivan. Kontribisyon Dessalines pa sèlman make istwa Ayiti, men li sèvi kòm yon leson pou tout nasyon ki batay pou libète ak jistis. 


Se poutèt sa, Jedi Wiki sa a, nou dedye l nan memwa Dessalines, Papa Endepandans Ayiti, epi nap kontinye fè konnen eritaj li nan tout lang, pou plis konesans nan lang kreyòl ayisyen e plis aksè pou tout moun. 


Ann sonje, ann pwoteje, ann selebre !


Daana Sthernith ELDIME, Direktris kominikasyon ak Aktivite

97 vues0 commentaire

Posts récents

Voir tout

Commentaires


bottom of page